lundi 10 octobre 2016

Fanmi Lavalas Nòt pou laprès 10 oktob 2016








Vandredi pase 7 oktòb, depi 11è 30 rive 7è nan aswè, Karavan Diyite Fanmi Lavalas te òganize yon jounen solidarite pou viktim syklòn Matye.

Doktè Jean-Bertrand Aristid ak Fanmi Lavalas remèsye pèp Delmas 2 ki te sòti an màs ak adoken diyite yo pou fè solidarite ak viktim syklòn lan. Pou nou tout ki te sòti ak adoken diyite nou pou n fè solidarite ak viktim yo, Plas Sen Maten, Kameroun, Bèlè, Solino, Aveni Poupla, Fò Nasyonal, Gran Ri, La Salin, Site Soley, yon gwo mèsi.

Lè nou te lanse Operasyon Solidarite ak tout viktim syklòn Matye a mèkredi pase, tout swit sektè prive te reponn. Yon gwo mèsi pou sektè prive a.

Nou rive kolekte diri, lèt, sereyal, lwil, espageti, somon, sadin, dlo pou bwè, akwatab pou trete dlo pou anpeche kolera, savon, rad, alimèt, bouji, fey tòl, bwa, klou. Pou kounyè, nou rive jwenn yon milyon san in mil san senkant sis adoken (1.101.156).

Se sa sektè prive ak tout katye yo bay ki pèmèt ke yè dimanch, Karavan Diyite al fè solidarite nan Nip ak nan Sid annatandan ke nou rive nan Grandans. Antan ke doktè, fòk mwen di n ekip medikal la te an aksyon tou pou bay sèvis. Yon gwo mèsi pou yo ak tout moun ki te akonpaye Karavan la yè dimanch.

Sa nou wè mennen dlo nan je: moun mouri, kay pati ak tout sa nou te posede, jaden ak pye bwa disparèt. Se Solidarite ayisyen ak ayisyen ki pote soulajman pou viktim syklòn lan.

Operasyon Solidarite a pa kanpe. Nap kontinye mobilize tout fòs nou pou nou manifeste solidarite a atravè sa nap pote pou nou pi devan.

Lavalas se linyon fè lafòs!

Aucun commentaire:

Publier un commentaire