jeudi 27 octobre 2016

Aviol Fleurant un corrompu à la tête d'un ministère stratégique, le (MPCE)

Mèt Aviol Fleurant, Minis MPCE

Aviol Fleurant yon magouyè nan tèt yon ministè estratejik, (MPCE)

1-Aviol Fleurant fè triple kat debit minis la ki pase de 150,000 goud a 350,000 mil goud pa mwa. Souvan moun ki pa anploye ministè ya ki pwòch minis la itilize kat sa yo pou gagote lajan leta. (Eske se sèl Edrick Leandre ki dwe pran prizon pou sa?).

2-Aviol Fleurant fose anpil fanm nan ministè fè relasyon seksyèl avèl, bayo avantaj pou yo pa pale e menase yo revokasyon si yo pa dakò.

3-Aviol Fleurant kraze kob entèvansyon Ijans gouvènman an ak palmantè yo.

4-Aviol Fleurant pran plis pase 10 machine ki achte pou ministè Planifikasyon bay madame li, zanmi l, ti menaj li ap woule.

5-Aviol Fleurant pa voye mande kòb nan Finans pou Siklòn nan.

6-Aviol Flwurant mare sosis li ak ansyen DG Yves Robert e Sabine Dalice pou fè anpil magouy, boule lanjan nan planifikasyon. NB:Yves Robert ak Sabine Dalice te deja revoke pou koripsyon.

7-Aviol bay chef cabinet l ap jere pak otomobil ministè ya alòske gen w direksyon jeneral ki la pou jesyon materyèl.

8-Aviol Fleurant òganize konkou pou chef pèsonèl moun ki loreya se pa li l bay pòs la li al chache lòt fanmi l ki pat nan bwat la.

9-Aviol Fleurant nome pou pi piti 120 moun nan ministè ya alòs ke leta gen pwoblèm lajan.

NB: Siklòn nan rive sou bidjè envestisman ministè ya. Misye tèlman enkonpetan e kowonpi li pa janm fè demand pou te mete kòb nan liy entèvansyon Siklonik la. Li ak Robert Jean e Sabine kontante yo ap pran kòb sou pwojè kote yo gentan debloke plis pase 400 milyon goud. Anpil magouy sa yo rive fèt nan konivans ak FAES.

Sous konbine

Aucun commentaire:

Publier un commentaire