mardi 23 août 2016

UCREF mande Otorite Lajistis peyi Dayiti yo chèche konn kote Jovenel Moïse jwen lajan pou'l gen 14 kont la bank chaje ak lajan.

Jovenel Moïse

Yon Enstitisyon Leta nan peyi Dayiti mande Otorite Lajistis yo chache konn ki kote Jovenel Moise jwen lajan pou'l gen 14 comptes en banques chaje kòb ak pil machine tounèf li anrejistre nan OAVCT.


Rapò UCREF bay M. Jovenel Moise lafièv frison. Enstitisyon sa a mande Otorite yo, tankou Pakè tribinal Pòtoprens, al fouye zo nan kalalou pou konn ki kote Jovenel Moise pran lajan pou'l louvri 14 (comptes en banque) nan BPH, BNC, BUH, SCOTIABANK ak KOTELAM.


UCREF fè konnen, se atik 35 lwa 11 novanmm 2013 la, ki ba l dwa sa. Pandan plizyè lane lap swiv M. Jovenel Moise, li sezi wè ki teknik li itilize pou'l "blanchi" lajan sal. Nan 14 kont lajan an goud oubyen dola meriken yo. Gen 6 (comptes courants) 2 (comptes conjoints) ak madanm ni Marie Etienne Martine Joseph Moïse. 6 lòt yo se kont komèsyal. Li louvri 2 sou nom « COMPHENER S.A » kote'l bay Luc Ambert Saindoux ak Pierre Richard Joseph dwa siyati pou pran lajan maten midi swa san pwoblèm; gen 2 lòt li louvri sou nom « AGRITRANS S.A », 2 dènye yo pote nom « Jomar Auto Parts », sa a se madanm ni kap koupe rache ladann.

UCREF di, gen anpil depozit ki fèt nan (comptes en banques) sa yo ki bay tèt vire. "Par exemple, en un seul jour, une somme de 1 million 570 mille gourdes est déposée sur un compte commercial à la BPH ; du 16 janvier 2012 au 29 avril 2013, des dépôts journaliers effectués sur le compte conjoint à la BNC des époux Jovenel et Martine Moïse s’élèvent à 5 millions 552 mille 999 dollars américains et 50 centimes "... selon rapò la.

Mete sou sa, yon kolonn chèk ki ekri sou non yon biznis Jovenel Moise o benefis 2 moun : Isonès Etienne ak Winsky Knagg. UCREF di non mesye sa yo parèt pratikman nan tout tranzaksyon kap fèt yo.

Aloske, sou youn nan kanè ki nan BNC yo, tout depozit yo fèt CASH ak dola vèt meriken, san pèsonn pa rive konn ki kote lajan sa yo soti. L’UCREF signale en ce sens un dépôt cash de 202 mille 250 dollars américains effectué le 16 janvier 2012 sur le compte en question.

UCREF kontinye pou l di, nan dokiman ofisyèl OAVCT nan dat 7 mars 2013, [2 lane selman apre Martelly pran pouvwa a] Li jwen yon lis 45 machin byen chè ki anrejistre sou nom Jovenel Moise, 31 ladan yo tounèf. UCREF di tou, avan machin sa yo te achte, li jwen M. Jovenel Moise ki se prezidan antrepriz ki rele « Jomar Auto Parts », « Agritrans S.A » ak « COMPHENER S.A », te deja gengnen (16) machin. Pandan yap mennen envestigasyon an, li achte 29 lòt machin. 28 ladan yo tounèf.

UCREF di nan rapò l la, li paka jwen ankenn dokiman ki ta dwe prouve sous lajan sa yo. Nan sans sa a, li mande otorite yo konkou, espesyalman komisè gouvelman. Nan DGI, kote anketè yo t'al rapouswiv envestigasyon an, yo jwen « Jomar Auto Parts » ki pou M. Jovenel Moise pa peye patant denpi diab te kaporal. Nan menm dokiman yo, gen 2 patant yo bay AGRITANS S.A. youn pou Import/Export lòt la pou Industrie alimentaire aloske COMPHENER S.A ap prodwi epi vann leta elektrisite, selon sa yo di.

UCREF di li pat fasil pou mennen ankèt la. Gen anpil lèt li voye bay M. Jovenel Moise ki rete san repons. Anplis de sa, gen 3 lòt (comptes en banque) yo pa rive analize. Alòs, jwèt pou otorite lajistis yo. [Sources judiciaires/RK/22 août 2016]

Radio Kiskeya


Aucun commentaire:

Publier un commentaire