lundi 22 août 2016

Nòt pou laprès Komite Ekzekitif Oganizasyon Politik Fanmi Lavalas



Nòt pou laprès
21 out 2016

Òganizasyon Politik Fanmi Lavalas te toujou di li ede akouche pouvwa a, li pa opouvvwa. Fanmi Lavalas tande menm jan ak tout pèp la ogmantasyon pri gaz la ki vin ogmante mizè pèp la. Pandan manman ak papa pitit ap soufri anba grangou, lavichè ak ensekirite, pandan yo poko menm wè klè ak ouvèti lekol la, chalè gaz la ki monte a vin fè tèt yo pi cho.

Twòp se twòp, lè a rive pou pèp la rale yon souf. Twòp se twòp, lè a rive pou pèp la retounen opouvwa avèk Fanmi Lavalas. Lè sa a, ogmantasyon pri gaz pap vin ogmante soufrans pèp la, men la jwenn lapè nan tèt, lapè nan vant.

Yon sèl nou fèb,
Ansanm nou fò,
Ansanm, ansanm nou se Lavalas.

Komite Ekzekitif Oganizasyon Politik Fanmi Lavalas

Aucun commentaire:

Publier un commentaire