lundi 8 février 2016

FANMI LAVALAS NÒT POU LA PRÈS


NÒT POU LA PRÈS


Òganizasyon Politik Fanmi Lavalas felisite pèp ayisyen an pou rezistans li ak detèminasyon l nan batay lap mennen pou revandike dwa li malgre sitirasyon malouk grangou, lavichè, ensekirite lap viv chak jou.

Si Jodi a Matelly oblije kite pouvwa a, se gras ak kouraj pèp la, se gras ak mobilizasyon pèp la.

Se frod masiv ki te fèt 9 out ak 25 oktob la ki ala baz kriz la, solisyon an dwe enstitisyonèl ak konstitisyonèl e dwe konsidere revandikasyon pèp la. Pa gen solisyon san pèp la.

Fanmi Lavalas ap kontinye ekzije :

i) yon gouvènman pwovizwa konsansis ki gen pou misyon fè machin leta a mache, kòmanse pote yon repons ak pwoblèm sosyal pèp la ak òganize bon jan eleksyon lib, onèt, demokratik nan peyi a;

ii) yon komisyon verifikasyon endepandan ki pou fè limyè sou eleksyon 9 out ak 25 oktòb yo. Pwosesis elektoral la pwal depann de konklizyon ak rekòmamdasyon komisyon sa a;

iii) yon nouvo konsèy elektoral pwovizwa.

Fanmi Lavalas kontinye kwè nan dyalog ant ayisyen ak ayisyen pou ka rezoud yon fwa pou tout kriz elektoral sa a.

Fanmi Lavalas mande pou tout fòs demokratik ak popilè yo kontinye mobilize jiskaske revandikasyon yo satisfè. Mobilizasyon an pa dwe kanpe. Lavalas se linyon fè lafòs.

Pòtoprens, 8 fevrirye 2016

Siyati :

Komite ekzekitif




Aucun commentaire:

Publier un commentaire